Rezon  pou site sa se selman pou nou jwen fason pou nou ede derasinen  
povwete nan seksyon riral an ayiti , ak nan tout lot peyi sou develope nan
mond lan avek:
Meye edikasyon, rechech  ak  devlopman ak tout  bon jan   ivestisman.

Nou kwe si ke nou kreye opotinite  ekonomik nan seksyon riral yo sa ka ede
motive moun nan zon sa yo pou yo pa  deplase kite provens  yo pou al nan  
kapital  peyi a pou kreye ti cite ki ka devni katel  pou aktivite kriminel, epui
posibilite pou  maladi kontajez  dekanchye  pami yo e  pou yo pa al riske vi yo
nan pran  ti  kanot ki pat fet pou gwo lanme.

Plan nou :

Se pou nou antrene pep la pou yo ka fe pou tet yo e pou yo pa depan de lot
moun ni lot nasyon ki pou lonje la men bayo. Filozofi nou baze  sou yon
princip ki byen defini  “ montre yo moun kijan pou yo peche ” lap manje
chak jou min si ou bali yon pwason chak jou , kou w mouri li mouri tou.

Mwen kwe ke,  rasin  povwete  se yon bagay lom kreye avek program yo
desiyin pou fe moun depan de yo. nou rete kwe ke sistem sa yo ka change.

Mwen kwe  tout gason ak tout fanm te kreye avek yon potansyel ki soti nan
bondye, malgre pafwa gin kelke nan nou ki ka bezwen yon ti pousad ki pou
ede nou komanse.

Nou kwe avek tout sinserite nou ke, program sa yo  fe moun depan de sinitre
pa abouti ak ayen ke fe moun sa yo depan de lot moun ki se yon fom de
esklavaj jounin jodi a.

Si  93% prodwi nou mange se  kado  yo fe nou, sa vi n ran ke moun ,oubyin
oganizasyon  sa ka kontrole sa ou manje et ki kantite ou mange epui tou fok
ou oblije obeyi ak tout regleman ke moun sa oubyin  oganizasyon  sa ki ap ba
ou sinistre sa yo. e pa fwa mange sa yo pa  de bon kalite,yo kon bay anpil
traka tou.  oubyin se nan laboratwa yo kreye manje sa yo nan fe
experimatasyon ki ka lakoz ampil problem sante tankou : diabet, kolesterol,
ak anpil lot maladi anko.

Mwen mande ou jodi an, pou ou pran yon ti tan pou li plan projet sa
nou vini ak li pou fe tout ayisyen antre nan konsyens yo.  e si ou trouve’l  
efektif nap selman mande w,  pou kampe avek nou kom yon patne  pou gran
koz sa.

Jodi a nou pran resolisyon ak deteminasyone pou nou anbake nan proje sa.
tanpri mete  men ak nou!

Bagay ou dwe konin de nou!
Nou pa yon pati politik ni nou pa afliye ak youn. Min nou se yon
oganizasyon non gouvenemantal ki ap travay pou ran kondisyon moun ki nan
seksyon riral an ayiti miyo.

Lajan pou projet sa soti nan min yon group moun ki gin menm lide ak nou  
epui tou ki pataje pasyon ak aspirasyon  nou pou nou we yon pep ayisyen ki:
edike, ki jwe rol sivik yo, et ki se bon jan patritot ki vle kreye pou tet yo ,
invante ak lespri yo et ki ap travay ansam yon el koze de sa ki pi nesesite,nan
ras imin an” kise yon koz ki nob pou youn moun repon
apel sa ``imanise   ``

Program sa, nou ap mete l aktif pou ane fiskal 2011 -2012 la.

Komanse yon lekol ki komanse nan   anfantin  jiska 12 eme aneki se yon type
de lekol ke ou poko janm we an haiti. se yon nesesite pou nou atake  povrete
avek yon vorasite depi  nan rasin.

Rezon : apre yon elev fini avek klas moyen 2 si li  paka antre nan lekol
sekonde pou rezon ekonokik oubyen paske manke lekol leta nan seksyon
riralyo ti moun sa yo oblije kite lekol san yon metye  ki pou itil tet yo,yo
lague nan lari an poukont yo,se la rasin povrete an komanse.

propozisyon :

Depui lekol prime rive nan moyen 2  tout timoun dwe apran  tout  baz moden  
yo montre nan nivo klas sa yo .avek tout yon fomasyon teknik ki baze sou
program ak technik mode-n  nan :matematik  , syans , sivik , anvironman ,
agrikilti  ak  rebwazman  e nou bezwen we demonstrasyon yo nan laboratwa
ki ap nan lekol sa.Sa ka ede nou  oriante chak elev nan oriantasyon profesyon
li.

propozisyon nou anko:

Depui nan 8 ane 12 eme ane tout elev dwe pran yon kou nan youn nan
profesyon sa yo pou yo ka gradye ak yon  certificat. class sa yo pap koute cink
kob anplis poudiplom  sa yo:

•        Infimye medikal
•        Syans infimye
•        Konsevationist  semans agrikol
•        Keprodiksyon bet elevaj … bef, kabrit, cochon
•        Kontrol erosyon
•        Presevasyon bitasyon,
•        Renovasyon bitasyon.
•        Chapentye moden
•        Mekanik oto e indistriyel moden
•        Feroneri indistriyel

Ak anpil  lot metye anko.


“ Avni peyi nou se nan men nou li ye” investi  nan edikasyon timoun yo  sa
ka ede rekonstwi mantalite yo".